Kisa SAVES La Ye?

Akòz tout kalite pwoblèm ki genyen lan peyi yo, anpil kiben ak ayisyen te eseye pran ti bato pou antre lan eta Florid la, lan ane 1994. Pifò lan vwayajè sa yo se te gason . Genyen ladan yo ki pat gen okenn metye lan men yo. Gen lòt, sepandan, ki te gwo pwofesyonèl lan peyi yo. Sa yo Gad Kòt te kenbe yo, li te mennen yo lan Baz Naval Guantanamo, ameriken genyen sou zile Kiba. Lè kiben ak ayisyen yo te jwenn libète yo, yo te vin etabli yo lan Florid. Sa te vin gen yon gwo enpak sou sistèm lekòl Miami-Dade County a. Nou vle pale de sistèm lekòl pou granmoun, kote granmoun yo ka aprann anglè ak metye.

Miami-Dade County Public Schools te oblije met sou pye yon pwogram edikasyon ki rele SAVES. SAVES vle di “Skills for Academic, Vocational and English Studies.” Yo te komanse aplike pwogram SAVES la an avril 1996 pou premye fwa. Se “Office of Refugee Resettlement” ki fè pati “Department of Children and Families” ki finance pwogram SAVES la. Objektif program SAVES la se te bay refijye ak azile yo opòtinite pou yo kab aprann anglè, aprann yon metye ki ap pèmèt yo travay pou okipe tèt yo. Yo te develope kourikouloun anglè (ESOL ak VESOL) ak kourikouloum vokasyonèl pou ede refijye yo fonksyone lan nouvo peyi yo a.

Yo itilize kèk fòm espesyal pou entèvyoure elèv yo epi idantifye yo, kolekte enfòmasyon pèsonèl e nesesè sou elèv yo. Yon fwa yo fin detèmine si legalman elèv la kalifye pou SAVES, yo eseye etabli nivo edikasyon li, ki jan de kou li bezwen, epi lan ki klas pou yo mete li. An kolaborasyon ak chak elèv endividiyèlman, yo etabli yon plan edikasyonèl ki fikse bi ak objektif pou elèv la akonpli (ki enkli kou anglè ak kou vokasyonèl). Pwogram SAVES la ofri kou lan 16 sant/lekòl teknik ak vokasyonèl lan tout konte Miami-Dade la, san konte plizyè lòt sikisal ki genyen.

Anpil elèv kapab mache al lekòl, si lekòl la pa twò lwen lakay yo. SAVES òganize regilyèman atelye pwofesyonèl pou prepare, fòme, e mete ajou pwofesè, administratè ak anplaye k ap travay ak/lan pwogram SAVES la. Konsa, yo kapab konprann objektif SAVES la, yo kapab okouran tout chanjaman ak inovasyon k ap fèt lan SAVES, yo kapab konenn e konprann tou ki fason modèl finansman SAVES la fonksyone. SAVES bay preparasyon pwofesyonèl sou metodoloji pou anseye anglè (ESOL), ak anglè vokasyonèl (VESOL). Preparasyon sa yo enkli tou fòmasyon sou sansiblite kiltirèl, pwosedi pou antre e rapòte enfòmasyon pèsonel kliyan yo lan òdinatè, ak kondisyon pou teste elèv yo anvan yo mete yo lan yon klas e anvan yo fini klas la pou determine si elèv la pase klas la (pretest, posttest). Yo te kreye yon pwogram anglè vokasyonèl espesyal pou elèv SAVES yo. Kèk sijè, kou anglè vokasyonèl sa a te kouvri, se te : etik pwofesyonèl, opòtinite pou jwenn djòb, ak sètifikasyon (lisans) vokasyonèl.

Pou chak elèv, konseye lekòl la oubyen yon lòt moun lan estaf lekòl k ap konseye elèv la, ekri an kolaborasyon ak elèv la yon plan edikasyonèl ki dekri lis kou (Anglè ak Vokasyonèl) elèv la gen pou pran.

Kourikouloum ESOL/VESOL la kouvri tou yon pati kiltirèl ki adrese pwoblèm tranzisyon pou yon moun soti lan yon sosyete totalitè pou l vin fonksyone ak travay lan sosyete demokratik ameriken an. SAVES te finanse yon pwojè alfabetizasyon ki rele HELP (Haitian-Creole/English Literacy Project) pou te montre refijye ayisyen li ak ekri.

Gen apeprè 5 mil moun ki patisipe lan pwogram SAVES la chak ane. Depi fevriye 2001, SAVES etann sèvis li pou li sèvi refijye ak azile ki soti lan nenpòt peyi. Kliyan, SAVES ap sèvi yo, enkli moun ki sot Aljeri, Brezil, Kongo, Kiba, Ayiti, ets. Yon etid sou pwogrè elèv SAVES yo, pa twò lontan de sa, te rapòte ke elèv sa yo gen yon to retansyon ak pwomosyon ki meyè pase tout popilasyon elèv ki lan distri eskolè a. Pandan SAVES ap kontinye grandi, li kontinye kenbe menm objektif li te fikse a, ki se pèmèt elèv yo aprann anglè ak metye pou yo ka travay.